Stewart Charles, prezantatè challenge 100 Ecom
Stewart Charles100 ECOM
REZÈVE DAT YO17–19 OKTÒB7:00 PM · An dirèk sou Zoom
GRATISCHALLENGE 3 JOU

Aprann Itilize AI Pou Chwazi yon Pwodwi epi Lanse Pwòp Biznis Ou sou Entènèt

Challenge 3 jou sa a fèt pou ede w aprann fè rechèch pwodwi, bati yon plan maketing solid epi bati yon website ak AI, menm si w poko gen eksperyans.

Mwen vle pran plas mwen

Gratis · An dirèk sou Zoom

POU KIYÈS CHALLENGE SA A FÈT?

Ou vle kòmanse.
Ou bezwen yon plan klè.

Ou wè lòt moun ap vann sou entènèt. Ou vle kòmanse tou, men gen yon bagay ki toujou bloke w.

“M pa konnen sa pou m vann.”

Pou ou ki vle aprann fè rechèch pwodwi epi evalye founisè anvan ou lanse w.

Ou ta renmen lanse w, men ou pè echwe.

Pou ou ki bezwen yon plan klè, konprann baz yo epi avanse etap pa etap.

“M vle itilize AI pou biznis mwen.”

Pou ou ki vle sèvi ak AI pou bati yon plan maketing solid ak yon website.

Ou fatige viv Paycheck to Paycheck.

Pou ou ki vle aprann bati yon biznis sou entènèt epi eksplore yon lòt sous revni.

PLAN 3 JOU YO

Men kijan 3 jou yo
ap dewoule.

JOU 01 FONDASYON

Mindset, pwodwi
ak founisè.

  • Prepare mindset ou pou antre nan biznis ak yon direksyon klè.
  • Yon envite espesyal ap patisipe.
  • Aprann fè rechèch pwodwi ak evalye founisè.
  • Konprann sa ki fè yon website vann: mesaj, konfyans ak yon òf klè.
OBJEKTIF JOU AKonprann sa pou w vann, sa pou verifye, ak fondasyon yon website ki vann.
JOU 02 MARKETING

Aprann sa ki fè
moun vle achte.

  • Konprann kijan pou atire bon kliyan yo ak maketing.
  • Aprann copywriting: ekri mesaj ki fè benefis pwodwi ou klè.
  • Konprann sikoloji vant: bezwen, konfyans ak rezon ki fè kliyan ezite.
  • Sèvi ak AI pou bati yon plan maketing ki mache ak pwodwi ou ak odyans ou.
OBJEKTIF JOU APrepare yon mesaj ki konvenkan ak yon premye plan maketing avèk AI.
JOU 03 DEMO LIVE

Bati yon website
an dirèk avèk AI.

  • Aprann baz yo anvan: polis ekriti, koulè, bouton ak estrikti paj yo.
  • Konprann UI: aparans ak eleman moun itilize sou sit la.
  • Konprann UX: kijan pou rann navigasyon ak acha yo fasil.
  • Swiv konstriksyon yon website live avèk AI, etap pa etap.
OBJEKTIF JOU AKonprann chwa ki dèyè yon bon website epi wè kijan pou bati li an dirèk.
ENVITE ESPESYAL · JOU 1

Yon envite ap ansanm avèk nou. Non li ak detay entèvansyon li ap anonse.

Mwen vle pran plas mwen

MOUN K AP AKONPAYE W YO

De coach.
Yon objektif: ede w avanse.

Stewart Charles

100 ECOM · PREZANTATÈ

Stewart Charles

Stewart Charles gen plis pase 4 ane eksperyans nan ecommerce epi li se ekspè nan kreyasyon website. Li deja reyalize plis pase $180,000 nan lavant. Li pataje eksperyans li ak estrateji pratik pou ede w bati pwòp biznis ou sou entènèt, etap pa etap.

Anderson Lundi

COACH · KO-PREZANTATÈ

Anderson Lundi

Anderson Lundi se yon ekspè nan maketing ki gen plis pase 5 ane eksperyans. Li deja depanse plis pase $100,000 nan piblisite Facebook. Li pataje estrateji pratik pou ede w konprann kliyan ou, kreye mesaj ki konvenkan epi bati yon plan maketing solid.

MOUN REYÈL. EKSPERYANS REYÈL.

Tande sa yo di de nou

Eksperyans yo ak 100 Ecom, nan pwòp pawòl yo.

Peze sou yon videyo pou tande temwayaj la.

Gade travay yo ak rezilta yo.

Screenshot etidyan

REZON KI FÈ OU DWE LA

3 rezon ki fè
ou dwe la.

Pandan 3 jou, konekte sa w ap vann ak fason pou w prezante l, fè maketing li epi bati website li.

01

Li konplètman an dirèk

Ou ka poze kesyon epi jwenn repons pandan chak sesyon. Se fòmasyon an dirèk, se pa yon sesyon anrejistre.

02

AI pou yon travay konkrè

Wè kijan pou sèvi ak AI nan plan maketing ou ak konstriksyon website ou.

03

Li fèt pou tout nivo

Kit w ap kòmanse oswa ou deja ap vann, w ap jwenn baz, egzanp ak metòd pou avanse nan pwojè ou.

3 JOU. YON CHEMEN KI KLÈ.
Chwazi pwodwi a.Konprann kliyan an.Prepare mesaj la.Bati website la.
Mwen vle pran plas mwen

SA W AP RATE SI W PA LA

Se plis pase enfòmasyon.
Se demonstrasyon yo.

Men sa w ap jwenn lè w patisipe nan 3 jou sa yo an dirèk.

Si w patisipeMen sa w ap pote ale

  • Yon metòd pou fè rechèch pwodwi ak evalye founisè.
  • Etap pou bati yon plan maketing solid avèk AI.
  • Yon demonstrasyon website live, soti nan baz yo rive nan konstriksyon.
  • Repons coach yo pou kesyon ou poze an dirèk.

Si w rate lMen sa w ap rate

  • Echanj sou mindset ak entèvansyon envite espesyal la.
  • Egzanp copywriting ak sikoloji vant yo an dirèk.
  • Konstriksyon website avèk AI, etap pa etap.
  • Chans pou poze kesyon epi klarifye sa ki bloke w.

ANN KLARIFYE

Ou gen
kèk kesyon?

Èske mwen bezwen eksperyans?

Non. Challenge la fèt pou ede moun k ap kòmanse konprann etap yo. Ou ka patisipe menm si w poko janm vann sou entènèt.

Èske mwen dwe gen yon pwodwi deja?

Non. Ou ka vini ak yon ide oswa sèvi ak metòd la pou kòmanse eksplore.

Èske mwen bezwen konnen AI?

Non. Nou pral montre itilizasyon ki gen rapò ak travay n ap fè yo.

Èske li gratis vre?

Wi, patisipasyon nan challenge la gratis. Zouti ak depans pou lanse pwòp biznis ou ka mande yon bidjè apa.

Èske ap gen yon pwogram peye?

N ap prezante 100 Ecom pou moun ki vle kontinye ak plis akonpayman. Ou pa oblije achte pou patisipe nan challenge la.

Ki dat ak ki lè?

Challenge la ap fèt soti 17 rive 19 oktòb, a 7:00 PM chak jou, an dirèk sou Zoom.

© 2026 100 Ecom. Tout dwa rezève.

Evènman sa a baze sou edikasyon. Rezilta yo depann de efò ou ak fason ou aplike sa w aprann. Pa gen rezilta garanti.

TEMWAYAJ · 1 / 7

Videyo sa a ap vini

Temwayaj etidyan an poko ajoute.

Temwayaj 01

100 Ecom